Organic-way mathematics - Klas 4-5
Debat ak rezoud problem avek lojik
ORGANIC-WAY MATHEMATICS : DEBAT AK REZOUD PWOBLÈM se yon resous esansyèl pou pwofesè yo anseye dapre rechèch aktyèl ak meyè pratik pou rive fè elèv yo konprann pi byen. Dr. Archangelo Joseph ofri yon apwòch konstriktivis pou anseye tout elèv, sitou elèv ayisyen ki ann Ayiti oswa ki nan Dyaspora a. Organic-way Mathematics se rezilta 25 lane eksperyans (pratik) nan lekòl ak 8 lane rechèch (teyori) doktoral avèk dapre filozofi konstriktivis Jean Piaget ak Lev Vigotsky. Se Concordia University Chicago ki te sipèvize rechèch doktoral sa a ki gen tit “A Case Study of Mathematics Teachers’ Perceptions of Haitian Students Solving Constructed-Response Questions in New York Middle Schools”. Gen plizyè lòt vèsyon Organic-way Mathematics ki se liv gid pwofesè ak liv egzèsis elev. Konsa tou, genyen Organic-way Mathematics: Research & Theories, Frameworks & Best Practices ki se yon liv jeneral pou tout moun ki ta renmen konnen repons kèk kesyon fondamantal nan matematik.