Yon refleksyon biblik pou sipòte doktrin sesasyonis la
poukisa don Lespri Bondye te bay pou fè mirak yo pa ekziste ankò ?
Kòm yon moun ki pase anpil tan nan ministè pou ekspoze anpil erè grav ki nan Mouvman Karismatik la ki koz lafwa anpil moun fè nofraj, mwen pa ka fin di ase jan dènye liv Doktè Tom Pennington nan, Yon refleksyon biblik pou sipòte doktrin sesasyonis la : poukisa don Lespri Bondye te bay pou fè mirak yo pa ekziste ankò?, se yon bon liv. Doktè Pennington bay kretyen ki gen dout sou Mouvman Karismatik la yon resous ki vrèman itil k ap ekipe l nan konesans sou Bib la pou l ka reponn moun sa yo ki nan mouvman sou sa y ap di ak sa y ap pratike. Sa a se yon liv yon pastè ak moun legliz pa dwe pa genyen. Mwen vrèman rekonesan anvè Tom pou gwo kontribisyon sa a li pote nan kò Kris la.